Chanje Lavi Ou

Panse On Lot Jan
Nov 8 · 3 min read
Photo by Priscilla Du Preez on Unsplash

Ou anti ou kole nan yon travay?

Ou santi ou kole nan yon relasyon?

Eske w’ap viv yon kote ke ou pa renmen?

Si se ka ou, mwen gen yon mesaj pou ou:

Pifò moun pase lavi yo ap kritike sitiyasyon yo

Yo pa kontan ak travay yo

Yo pa kontan ak salè yo

Yo pa kontan ak kote yo rete a.

Men sa yo pa reyalize se ke, se pwop desizyon yo ki fe yap viv

lavi yo te chwazi pou yo viv la.

Men peson paka fose ou rete nan situasyon ou pa renmen.

Leve chak maten pou ale nan yon travay ke ou pa renmen a du anpil.

Men anpil moun pa vle rekonèt sa paske li pi fasil pou panse ke on

lòt moun responsab malè ou yo.

Ou pito blame bòs ou a

Pwefere blame patnè ou

Oswa pitit ou.

Men an reyalite nou responsab pou …

100% DE TOUT SA KI RIVE NAN LAVI OU.

Ou kote ou ye jodia gras a tout desizyon ou janm pran nan lavi ou …

kit li bon ou move.

Bon nouvel la se ke ou ka pran pran nouvo desizyon ki pou pemet ou

chanje lavi ou, ki pou mete ou sou on lot chemen.

Men se pa paske wap pran yon desizyon ke bagay yo pral chanje

de on jou a on lot, li ta bon men reyalite a diferan.

W’ap gen pou pase anpil tès pou wè si ou kwè tout bon

nan desizyon ou pran yo.

JK Rawlings anvan li ekri liv yo te pran desizyon pou li vin otè

eksepte ke pa gen okenn konpayi ki te vle pibliye istwa li yo.

Men li menm te detèmine transfòme rèv li an REALITE.

Le fet ke yo pat aksepte li,

Le fet ke yo te dil NON,

Le fet ke yo te rejete li,

Ou konn konbyen moun ki tap abandone apre tout sa?????

Men jan m di depi anvan li te detemine,

li te pran desizyon li pou li te kontinue ak rev li

Le fet ke li pat rete sou sa yo di li

Li vin tounen youn ou byen ote ki plis vann nan listwa.

Donk kesyon mwen pou ou

ESKE OU ANVI CHAJE LAVI OU?

Desizyon sa a, si ou pran li, l’ap fe on gwo diferans

ESKE OU PARE OU PEYE PRI A?

M pa pral di w’ li fasil,

paske tout moun ta fe li deja.

Sa ki fe diferans la se DETEMINASYON ou

ENSPIRASYON ou

Se sa ki pral ede ou nan moman difisil yo

Se sa ki pral ba ou fos ak motivasyon pou kontinye.

Mwen ta renmen ke ou raple tet ou

KE OU GEN PLIS FOS DE SA OU PANSE A!

Fok ou kwè ke ou kapab fe bagay ekstraòdinè

Moun ki te deja reyalize rèv yo pat espesyal

Yo genyen moman kote yo nan dout. Yo menm jan ak tout moun.

Eksepte ke yo pito aji e kontinye chemen yo jiskaske yo

jwenn rezilta.

Mete nan kalandrye ou dat ou vle kite travay ke ou pa renmen a

Mete on dat ou vle komanse vin indepandan nan nivo finans ou

Chwazi ki peye ou ta renmen vizite ou viv?

Aplike pou post nan konpayi ou ta renmen travay pou li a?

Deside sou objektif ou?

METE ON PLAN SOU PYE

PRAN ON DESIZYON

Ou pa janm konnen

Desizyon sa ka chanje lavi ou pou de bon.

ANTOINEDDY

Panse On Lot Jan

Written by

Nan on mond kote tout ap kritike lot, ANKOURAJE PITO.

Welcome to a place where words matter. On Medium, smart voices and original ideas take center stage - with no ads in sight. Watch
Follow all the topics you care about, and we’ll deliver the best stories for you to your homepage and inbox. Explore
Get unlimited access to the best stories on Medium — and support writers while you’re at it. Just $5/month. Upgrade