Etant Dupain
2 min readOct 17, 2018

17 Oktòb yon jounen mobilizasyon anti koripsyon ak enpinite reyisi, e ki dwe selebre.

Plizyè dizèn milye moun pran lari jounen 17 oktòb lan pou mande Kot Kòb petwo Karibe a, jan sa te prevwa. Plizyè gwoupman nan sosyete sivil lan ak plizyè gwoupman politik patisipe nan yon gwo manifestasyon ak yon mesaj ini. Se premye fwa pou tout moun sa yo sòti nan lari pou mande mete gen nan sistèm konwonpi nou genyen jodi a.

Gwoup Sosyete Sivil, gwoupman politik ki te prezan nan mouvman, Travayè, Sendika tout moun mete ansanm ak anpil disiplin pou mande kont san kont. Anpil moun te gen laperèz sa ta pral yon mach voye ale men yon Lòt fwa ankò jenès lan kanpe an lwa e mande Gouvènman pran responsablite yo.

Pou konbyen tan moun yo pral vle rete pasyan e tande pwomès nan men Jovenel Moise ak LaKou Dè Kont, sa a mwen la konnen. 17 Oktòb sa a se yon mesaj klè pou pouvwa anplas lan pou di yo peyi a kapab tonbe nan yon pi gwo kriz si pa gen anyen ki fèt nan dosye Petrocaribe a.

Tout gwoup ki patisipe nan gwo mobilizasyon nasyonal lan kapab selebre gwo reyalizasyon sa, pandan y’ap tann kisa gouvènman pral bay kòm repons a demand yo.

Etant Dupain

Etant Dupain is a journalist, filmmaker and community organizer. Learn more: www.madansarafilm.com