Mantalite akè
Youn nan bagay ki pi enteresan nan itilizasyon yon òdinatè se jan li ka ede w reyalize yon tach ki kapab anniyan oswa fistran pou ou. Gen anpil fason pou otomatize yon bagay ke ou wè w ap fè chak jou oswa ki ap mande fòk ou prezan jis pou ka fè yon ti klik de tanzawot.
Pou gen mantalite akè, fòk ou gen kiryozite aprann. Ak konesans ou, ou ka jwenn solisyon oswa konn ki enfòmasyon pou al chache yon fason pou ou rann sa w ap fè pi agreyab oswa diminye nan chaj travay ou.
Rès tèks la se yon istwa kote mwen itilize konesans mwen pou mwen reyalize yon bagay ki te gen dwa pran mwen plis enèji e ki tap dire plis tan kote mwen t ap oblije entèveni a chak fwa. Mwen chache yon fason pou mwen evite sa e yon bagay ki tap pran mwen plis ke 3 zèdtan ap fè menm bagay la chak 6 minit rakousi vin yon fwa ki dire 10 minit (Hash++).
Denye “eksplwa” mwen
Mwen fenk dekouvri yon DJ e mwen apresye mizik li fè yo. Men kòm epa tout tan wap gen nèt (pwoblèm peyi) pou koute li, mwen deside al telechaje mizik li yo. Sa se pwosesis la.
Youn nan bagay ki evidan ak DJ etranje, depi yo gen yon emisyon, yo toujou mete li sou “podcast” paske se konsa anpil moun a letranje koute emisyon. Mwen pran tit emisyon an e yon ti rechèch rapid sou Google konfime ke “podcast” la egziste. Apre, mwen verifye sou sit iTunes ke tout emisyon an prezan (34 epizod).
Yon lot bagay ke mwen konnen: Gen anpil sit ki ekstrè enfomasyon “podcast” iTunes yo epi yon konstwi pwòp baz done yo ak yo. Mwen idantifye youn nan sit sa yo e mwen jwenn lyen chak epizòd yo pi fasilman.
Pwoblèm nan se 34 epizòd emisyon an genyen. Mwen pa yon moun ki ka ret hita klike grenn pa grenn chak nan lyen sa yo. Chak epizòd nan 140 MB e menm si sa pap pran tan pou youn telechaje, telechaje tout ap pran plis ke 3 zèdtan.Mwen pa fè menm travay la plizyè fwa. Tout tach repetitiv, odinatè a ka fè li. Se jis moutre li kijan pou li fè sa (pwogramasyon :)).
Ekstraksyon
Solisyon an se “scrapping” ki dekri aksyon kote wap ekstrè enfòmasyon nan yon paj Web otomatikman. Mwen te ka kreye yon script JavaScript oswa Python pou fè sa, men mwen santi mwen pa ka fè efò al kreye yon pwojè jis pou 34 lyen (raple mwen parese, mwen pa nan efò ki initil). Mwen eseye zouti an liy yo men pi fò mande mwen enskri e mwen two parese pou mwen al fè sa pou jis 34 lyen. Se lè sa mwen raple ke prèske tout sit gen yon vesyon jQuery sou li.
Lè mwen verifye (Ouvri konsòl navigatè e gade si gen yon varyab $ oswa jQuery nan paj la), sa konfime. Avek enspektè a (yon zouti nan navigatè a ki pèmèt ou vizyalize atribi eleman nan yon paj Web)ou kapab kopye selektè (yon idantifyan, tankou chemen yon fichye) CSS kap pemet ou jwenn eleman aktif lan. Mwen jis modifye li byen rapid pou mwen idantifye tout lyen yo olye de yon sèl. Apre mwen fè iterasyon pou mwen afichye atribi href (se li ki gen lyen eleman “anchor” la (tag <a></a>)) la ki gen URL chak fichye. Mwen lanse enstriksyon an e mwen jwenn 34 URL yo.
Mwen kopye tèks la nan VIM (yon editè tèks), epi kreye yon macro pou mwen retire teks endezirab (kèk tèks ki te tou kopye ak URL yo) e rezilta a se yon fichye tèks ki gen 34 lyen yo, chak sou yon liy.
Telechajman
Kom mwen sevi ak Linux (li ka fèt ak Windows tou), gen yon ti pwogram yo rele aria2c ki fèt spesyalman pou telechaje fichye. Mwen jis konfigire l pou li pran URL yo nan fichye tèks la e sovgade fichye yo nan yon dosye. Men yo pat fini nan menm jou a (4.2 GB). Sa pat yon pwoblèm paske aria2c gen opsyon pou li rekomanse kote li ye a. Lè mwen rewouvri odinatè a, mwen jis chache ansyen kòmand lan nan istorik “shell” la (anviwonman ki egzekite kòmand la) e ajoute opsyon pou li kontinye telechaje menm kote li ye a.
Konklizyon
Nou ka twouve ke istwa a teknik (Li teknik vre, menm si mwen eseye redwi nan jagon an), men sa pou nou kenbe se: Òdinatè la pou li rezoud pwoblèm ou, e aprann li pi byen ka retire anpil traka nan lavi ou. Anpil lojisyèl bay opsyon pou ou otomatize tach (Word, Excel, Photoshop,…) yon fason pou rann ou pi pwodiktif. Chache aprann yo e w ap gen plis tan pou konsakre ak bagay ki vrèman enpòtan pou ou.
