Kisa Ki Entèlijans Atifisyèl (EA) ?

Jonel Juste
5 min readJun 27, 2023

--

Ann di toudabò, zafè Entèlijans Atifisyèl la (EA) pa yon nouvote. Se yon bagay ki la kèk jou. Avrèdi n ap sèvi ak EA depi lè n t ap fè rechèch sou Google, fè tradiksyon otomatik. Lòt itilizasyon EA se sistèm rekòmandasyon ki konn sijere n kèk bagay lè n ap chache kontni sou YouTube oubyen pwodui sou Amazon; se sistèm tankou Siri ak Alexa ki rekonèt vwa moun epi reponn kesyon yo poze. Genyen tou sistèm ki kondi machin san chofè (Waymo, Tesla). Men jounen jodi, sa ki fè anpil moun ap pale de Entèlijans Atifisyèl, se ChatGPT, yon sistèm jeneratif konpayi OpenAI lanse depi novanm 2022 e k ap fè aktyalite depi lè sa a. ChatGPT ka fè yon bann bagay tankou fè konvèsasyon, bay enfòmasyon, reponn kesyon, ekri atik, ekri liv, fè pwezi, ekri kòd enfòmatik… EA franchi yon limit anpil moun pa t kwè posib. Gen lòt EA ki sanble ak ChatGPT e ki fè travay atis tou tankou desen, foto, penti (DALL-E 2, MidJourney). Gen lòt ki imite vwa moun, fè mizik. Se gwo koze. Men kisa Entèlijans Atifisyèl la ye menm?

Dapre ansiklopedi Britanica.com, Entèlijans Atifisyèl (EA), se kapasite yon aparèy (anjeneral yon òdinatè oswa yon wobo òdinatè kontwole) genyen pou fè travay moun abitye fè. Yo itilize ekspresyon sa a tou, ansiklopedia kontinye, pou pale de syans, teyori ak pwojè devlopman sistèm enfòmatik ki gen menm kapasite entelektyèl moun genyen tankou kapasite pou reflechi, jwenn sans bagay genyen, jeneralize, oswa tire leson nan ansyen eksperyans yo.

Sistèm EA yo fèt pou analize gwo kantite done, rekonèt modèl, pran desizyon epi rezoud pwoblèm konplèks. Yo ka pwograme EA yo pou fè travay espesifik oswa aprann apati done pou yo amelyore pèfòmans yo toutan. EA gen plizyè lòt domèn ladan l tankou aprantisaj otomatik, aprantisaj langaj natirèl, vizyon òdinatè, wobotik, ak sistèm ekspètiz.

Aprantisaj otomatik se yon eleman fondamantal nan EA. Se kote yo “antrene” algorit yo sou yon pil done yon fason pou yo ka rekonèt modèl panse epi fè prediksyon oswa pran desizyon san yo pa oblije pwograme yo chak fwa. Aprantisaj langaj natirèl la pèmèt òdinatè yo konprann epi reponn lè moun pale ak yo, pandan vizyon òdinatè a limenm pèmèt aparèy yo entèprete epi konprann enfòmasyon vizyèl.

Yo itilize teknoloji EA yo nan plizyè bagay, tankou asistan vityèl (tankou Siri, Alexa), sistèm rekòmandasyon, machin san chofè, deteksyon magouy, dyagnostik medikal, ak anpil lòt ankò. Domèn EA yo ap kontinye devlope rapidman, avèk rechèch ak devlopman k ap fèt pou kreye sistèm ki pi sofistike e pi entelijan.

Kèk avantaj Entèlijans Atifisyèl

Entèlijans Atifisyèl (EA) gen plizyè avantaj nan anpil domèn. Men kèk nan gwo avantaj EA:

1. Travay otomatik : EA ka otomatize travay ki repetitif, fatigan oswa ki danjere pou moun fè. Sa pèmèt moun gen tan ak resous pou konsantre sou travay ki pi konplèks e kreyatif.

2. Desizyon amelyore: Sistèm EA ka analize gwo kantite done, detekte modèl ak tandans, epi bay rekòmandasyon oswa desizyon ki pi egzak. Sa a ka ede biznis ak òganizasyon pran desizyon ki chita sou bonjan enfòmasyon epi ogmante pèfòmans yo.

3. Amelyorasyon efikasite ak pwodiktivite: EA ka amelyore fason moun travay epi fè yon pi pwodiktif lè li idantifye bagay ki pa mache epi sijere metòd ki ka bay pi bon rezilta. Li kapab tou fè travay la al pi vit lè l trete yon gwo kantite done.

4. Amelyore pèsonalizasyon ak eksperyans itilizatè: Ak EA, li posib pou bay itilizatè yo eksperyans pèsonalize, kit se nan domèn komès elektwonik, rekòmandasyon kontni oswa sèvis kliyantèl. EA ka analize preferans ak konpòtman itilizatè yo pou ofri yo sijesyon ak rekòmandasyon ki adapte a bezwen espesifik yo.

5. Dyagnostik medikal ak swen sante: EA ka ede pwofesyonèl medikal dyagnostike maladi bonè bonè, deteksyon anomali ak analiz done medikal. Sa ka amelyore presizyon dyagnostik epi trete maladi yo pi byen.

6. Amelyorasyon sekirite: Yo itilize EA pou detekte fwod, siveyans sistèm sekirite ak prevansyon atak sou Entènèt. Li ka analize modèl konpòtman sispèk epi byen vit alète moun sou menas potansyèl yo.

Kèk dezavantaj Entèlijans Atifisyèl

Malgre Entèlijans Atifisyèl (EA) gen anpil avantaj, gen tou dezavantaj ak enkyetid itilizasyon yo lakoz. Men kèk nan prensipal dezavantaj EA genyen:

1. Chomaj: Otomatizasyon travay ak antèlijans Atifisyèl ka lakoz anpil moun pedi travay yo, espesyalman nan domèn kote travay la se yon woutin ki ka fèt alamachin.

2. Patipri ak Diskriminasyon: Yo kreye sistèm EA yo ak done ki egziste deja, done ki ka genyen prejije nan nannan yo oswa reflete prejije sosyal. Sa ka lakoz EA yo bay rezilta ki gen patipri oswa diskriminatwa lè y ap pran desizyon otomatik yo a.

3. Mank transparans: Gen kèk modèl EA ki ka difisil pou konprann epi eksplike. Sa bay moun kè sote epi fè yo mande si yo ka fè EA sa yo konfyans si yo pa ka konprannn kijan aparèy la pran tèl ou tèl desizyon.

4. Konfidansyalite ak pwoteksyon done: Itilizasyon EA souvan mande pou kolekte epi analize gwo kantite done pèsonèl. Sa soulve kesyon sou konfidansyalite ak sekirite done yo, ansanm ak itilizasyon etik enfòmasyon pèsonèl yo.

5. Depandans teknolojik: Twòp depandans sou EA ka lage moun nan kouri si aparèy sa yo ta tonbe anpàn oubyen mal foksyone. Si yo pa byen teste sistèm EA yo, kontwole yo epi mete yo ajou, sa ka gen yon enpak negatif sou fonksyònman yo ak rezilta yo bay.

6. Enpak sou kapasite moun: Pandan EA ka otomatize kèk travay, li enpòtan pou devlope epi prezève kapasite moun sèlman genyen, tankou kreyativite, senpati, rezònman etik ak kapasite pou pran desizyon estratejik, bagay ki pa fasil pou EA kopye.

7. Sengilarite: Youn nan konsekans itilizasyon EA se yon bagay ki plis sanble soti fim syans fiksyon. Anpil moun pè pou Entèlijans Atifisyèl yo pa rive nan yon pwen kote yo aprann tout sa yo bezwen konnen sou moun epi vin endepandan, sa vle di yo pa bezwen moun ankò. Se sa yo rele Sengilarite. Moun sa yo pè pou, ak tout konesans epi kapasite EA vin genyen, yo ta rive domine sou limanite epi fè tout moun tounen esklav yo. Se yon teyori ki sanble egzajere men w pa janm konnen. Prekosyon pa kapon.

--

--