Marilin, Zèt ak feminis Ayiti yo
Pawòl sou jan lavi fanm ak gason marande nan sosyete yo konn fè anpil deba nan mitan anpil moun nou jwenn nan plizyè espas tankou inivèsite yo, òganizasyon yo, rezo sosyal yo, elatriye. Gen plizyè fason yon moun ka konprann poukisa tout deba sa yo nan espas sa yo: oswa paske plizyè òganizasyon kale pou pale koze sa menm oubyen koze ki sanble avè l, oswa yo pa konprann oubyen pa dakò pawòl sa yo k ap pale a, oswa tou se paske pwoblèm k ap poze a se yon evidans pou anpil nan moun sa yo. Sa fè yo bay dizon yo sou koze a, nan jan yo konprann li, jan yo viv li, jan yo imajine l. Nan dizon k ap bay yo, nou jwenn souvan anpil rekil oubyen anpil moun pa dakò lide ak aksyon yon seri moun (fanm) k ap milite sou koze sa a. Moun sa yo souvan sòti nan òganizasyon pwogresis yo kote yo pafwa pote yon diskou sou moun (san yo pa gade sou sèks) oswa sou klas pou chita tout kritik yo sou mouvman sa a. Poutan, gen pawòl ki pale anndan mouvman an, aksyon ki poze tou, ki kwit nan menm chodyè ideyolojik moun sa yo.
Sa a fè nou fè yon kout je nan listwa mouvman sila nan peyi a. Listwa dominan an fè nou konprann mouvman feminis la kòmanse fè pale de li nan lane 1934, lè yon seri fanm pral mande plis lekòl pou tifi, liberasyon fanm marye yo ki pa t granmoun tèt yo devan lalwa nan relasyon yo ak mari yo. Men tou se te yon pretèks pou yo te òganize yo kont lokipasyon amerikèn nan. Medam yo, ak tout lòt gwoup moun ki te òganize yo pou revandike, pral sibi represyon rejim Divalye yo ki te entèdi tout dwa asosyasyon. Sa ki pa t anpeche kèk nan yo reziste. Se rezon sa a ki fè, aprè leve kanpe kont Janklod Divalye a ki pral fèl kite pouvwa a, medam yo pral sezi moman sa a pou yo òganize yo epi soti tèt yo kòm sijè politik nan nouvo Leta demokratik ki t ap boujonnen an. Sa ki te eksprime nan gwo mobilizasyon yo te fè nan dat 3 avril 86 la. Kout je sou listwa sa a fè nou konprann mouvman feminis la nan peyi a gen nannan l menm nan batay global pou chanje sitiyasyon lavi moun.
Jounen jodi a, aprè nou konstate deplòtonnay mouvman feminis la plis pase 30 lane, èske nou ka di li marande ansanm ak revandikasyon k ap fèt pou chanje kondisyon lavi moun nan sosyete a ? Si non, kòman nou ka konprann distans sa a ki ta vle separe mouvman an ak reyalite moun (fanm) nan peyi a ? Se rezon sa ki fè nou entèrese chache konnen kijan yon seri lòt moun, an patikilye yon kategori fanm, konprann tèt yo nan kesyon feminis lan epi diskite pozisyon yo ak jan mouvman an ap deplòtonnen nan peyi a.
Se nan sousi sa a nou fè ti bat bouch sa a ak 2 fanm ti machann. Nou rele ti machann yon moun ki gen yon komès detaye nan men l. Li kapab yon fanm, li kapab yon gason. Li kapab soti nan divès sektè aktivite ekonomik yo. Tankou li ka ap vann pwodui latè (madan sara), li kapab tou ap vann pwodui ki fèt nan endistri yo. Pou Ayiti, se fanm ki plis mennen aktivite sa a[1]. Li kapab vann nan mache, bò lari, devan lakay li oubyen l ap pwonmennen. Sa konn rive li gen yon komès fiks pandan yon tan ki long, men sa rive tou li chanje komès nan chak okazyon. Se li ki gen rapò ki pi dirèk ak moun ki pral itilize pwodui sa l ap vann nan. Epitou, gen rechèch ki montre kategori moun sa yo ap ogmante chak jou ki jou nan peyi a. Se nan sans sa a nou te rive idantifye 2 medam nou jije ki nan kategori sa a. Nou vle fè konnen tou, 2 medam sa yo pa yon echatiyon. Nou pa ka pretann sa yo di yo valab pou tout moun ki soti nan kategori nou dekri la. Men se pito yon diskisyon nan mitan medam yo ak mouvman feminis la.
Kiyès ti machann sa yo ye[2] ?
Zèt gen 28 lane. Li gen 4 pitit. Dènye a se yon ti bebe, kidonk li poko lekòl. Li ap viv ak papa pitit li nan 2 chanm kay yo bati. Yo pa marye. Mesye a se vodouyizan. Li gen lwa l li sèvi. Men manzè li menm se pwotestan. Zèt se yon machann pate kòde. Li gen bak li devan lakay li. Pou l te gen komès sa a, li te prete lajan nan men yon moun, pou li remèt li moso pa moso.
Marilin se yon machann pèpè. Pito n di pito, nan moman nou t ap pale ak Marilin lan, li te machann pèpè. Paske Marilin se yon machann ki vann tout sa li jwenn. Li gen 33 lane. Li ap viv ak mouche li, plis 3 pitit li. Marilin tann pèpè li yo bò yon lari chak maten. Nan aprèmidi li ranmase yo, li ale lakay li. Lè l p ap vann pèpè, li konn al pwonmennen lòt bagay tankou sandal nèf, valiz lekòl.
Jan medam yo viv tèt yo kòm fanm
Youn nan bagay ki deja fè mak fabrik medam ti machann sa yo, se aktivite ekonomik y ap mennen an. Pwofil medam yo gentan montre kijan yo chache lavi pou fanmi yo. Enben, yo menm tou, se konsa yo viv tèt yo kòm fanm. Zèt di, pou li menm, yon fanm ki pa konn debwouye l pa yon fanm. Marilin li menm di bondye te di yon moun parese pa gen dwa manje, li pa t di gason, li pa t di fanm. Kidonk se tout moun ki dwe travay pou bay tèt yo manje. Lè nou tande pawòl sa yo nan bouch medam yo, nou konprann pawòl sa a pa pou yo sèlman. Se pawòl ki soti anndan yon pratik lavi chak jou kay yon kategori fanm. Nou ka remake, se apati travay yo defini fanm. Pou yo menm, travay se yon pwen santral nan jan yo viv tèt yo kòm fanm. Anpil moun ki pa depaman ak yo nan jan lavi yo chapante souvan repete sa. Yo wè fanm nan jan li toujou kanpe pou l chache lavi. Pou nou menm, jan medam sa yo wè fanm marande ak pratik lavi yo. Se reyalite sa yo ki pral bay reprezantasyon fanm nan sosyete a jarèt tankou poto mitan[3].
Yon lòt bò, pawòl Marilin nan mande pou n fè yon chita sou li, nan sans li souke pawòl levanjil relijyon li pèsevere a ki gen plizyè bagay ki di sou jan li prezante fanm ak gason. Pawòl levanjil sa a toujou mete gason an kanpe tankou sèl moun ki kapab motè yon fanmi nan travay pou pran responsablite l, madanm li ak pitit li. Responsablite li bay fanm nan chita senpman anndan kay la, pou li pran swen mari l ak timoun yo. Yon responsablite yo pa janm konsidere tankou yon travay paske yo pa janm atribye yon valè ekonomik pou travay sila, sof si fanm sa a vann responsablite sa a bay yon lòt fanm, sa yo rele bòn nan nan peyi a. Enben, Marilin kesyone pawòl sa yo nan premye aspè a, kote li montre enpòtans kesyon travay la nan jan li konprann yon fanm, men tou nan rapò l ak gason sa ki se mari l, yon responsablite pataje. Marilin di toujou:
Lè fanm nan yon bò l ap travay, nèg la yon lòt bò l ap travay, sa fè fanmi an pa soufri. Youn bouche twou pou lòt. Si nèg la ap travay pou l met lajan nan kay la, fòk fanm nan ka travay lajan sa a. Konsa kay la p ap janm ret grangou.
Marilin defini tèt li kòm yon moun ki responsab kay la nan menm jan ak mari li. Si nou fè yon bak nan listwa, nou ka konprann etik travay sa li ap dekri a, epi sans responsablite li vizavi fanmi li. Li egziste lakay fanm nwa sa yo depi anvan yo te mennen yo sou bout tè Lamerik kòm kaptiv. Nan sans sa a, Claire Cone Robertson (2003, 125) site E. smith, ki eksplike :
Lè yo te mennen fanm ki te soti nan zòn Afrik lwès sa yo pa fòs sou kontinan Lamerik, yo te pote ak yo kapasite pou yo jere plizyè sitiyasyon, kalite kreyatif yo ak atistik yo, sans responsablite vizavi fanmi yo […]. Pou yo te fè fas a nouvo reyalite lavi yo [lesklavaj], yo te itilize sistèm referans afriken yo, nivo konpetans yo, epi atitid devan travay[4].
Pawòl Marilin nan kesyone tout baz sistèm patriyaka ki eksplike rapò sosyal ki chita sou sèks moun ak yon divizyon espas piblik ak espas prive. Nan kèk teyori, feminis materyalis pa egzanp, patriyaka a, ki se sistèm opresyon gason sou fanm, etabli prensip ki se : fanm dwe rete anndan kay pou fè travay nan kay senpman pandan gason ap bouske lavi. Zèt li menm li di, ni gason ni fanm dwe ap bouske lavi. Lè li gade l konsa li pa wè l tankou yon moun ki detounen yon lòd kèlkonk men pito se yon aspè pozitif idantite li, idantite fanm. Sa montre nou tou, deba teyorik sou espas prive ak espas piblik, nan sa ki gen pou wè ak prezans medam yo nan de (2) espas sa yo, pa poze menm jan pou medam sa yo. Yo envesti espas piblik yo nan mezi yo kapab, paske reyalite lavi yo mande yo sa. Sa tou ka pèmèt nou pouse analiz nou pi lwen nan listwa. Fanm nwa sa yo te toujou patisipe nan travay latè pou yo siviv, men tou pote pwodui yo nan mache pou chanje ak lòt kalte pwodui y ap bezwen pou kay la. Nou dwe raple, nan peyi okisadantal yo, kote teyori sa yo ponn, se gwo batay fanm te fè pou yo te gen dwa envesti espas piblik pou yo al travay. Nan sans sa a, nou ka konprann nou pa ka plake eksplikasyon ki bay nan lòt peyi oksidantal sou zafè dominasyon gason sou fanm sou reyalite pa nou Ayiti, men pito chèche kòman dominasyon gason sou fanm nan peyi Ayiti deplòtonnen kò li yon fason orijinal ki marande ak istwa nou kòm pèp.
Nan menm lojik sa a, kesyon espas prive/espas piblik la, nou wè kijan reyalite medam sa yo nan kesyon travay la fè yo met kò yo deyò pou chache lavi pou fanmi yo ak pitit yo. Nou ta ka pouse refleksyon nou pi lwen toujou nan chache konprann travay domestik la, ki chita kò l nan espas prive a. Li ta enpòtan pou n konnen epi konprann ki mòd rapò ki devlope anndan kay la, lè nou konsidere kategori fanm sa yo ki defini tèt yo pa rapò ak aktivite/travay y ap mennen epi ki pran responsablite yo menm jan ak gason yo, nan bouske lavi pou fanmi an. Poukisa sa enpòtan ? Nan teyori ki devlope sou kesyon feminis la, genyen ki ta fè kwè rapò miwo miba ki genyen nan mitan fanm ak gason yo soti nan sistèm kapitalis la. Kapitalis la ki se yon sistèm ekonomik ki pwodui rapò dominasyon ak eksplwatasyon, nan jan yo divize travay, ki plase fanm anndan kay nan fè travay domestik ki pa peye. Teyori sa ta vle fè kwè tou, kraze rapò kapital/travay sa yo ta dwe mennen tou nan kraze rapò dominasyon gason sou fanm. Èske sa ta vle di, si nou gen linèt teyori sa a nan je nou, medam ti machann sa yo pa sibi dominasyon mari yo kòm gason sou yo kòm fanm ? Lè n ap pale de dominasyon, nou wè tout sa ki antòtche kò ak lespri yon moun sou yon lòt. Tankou, youn nan dominasyon rapò kapital/travay la pwodui, se mete yon seri moun ap vann fòs kouray yo pou yon ti grapday pandan yon seri lòt ap anrichi pòch yo. Si nou ta pran l anndan kay, dominasyon an ka jan youn nan moun yo ap bourike nan yon seri tach pandan lòt la ap pawaze, oubyen jan youn enpoze pouvwa l sou lòt la. Nan ki nivo nou ka panse, pandan medam ti machann sa yo fin regle aktivite ekonomik yo nan lari a, anndan kay la gen yon responsablite ki pataje, nan sans gason an pran responsablite l nan tach domestik yo ? Oubyen nou ta ka mande pito èske mari medam sa yo redefini tèt yo kòm gason nan pran responsablite yo nan tach domestik yo menm jan medam yo pran responsablite yo nan bouske lavi a ?
Nivo enfòmasyon ti machann sa yo sou mouvman feminis nan peyi a
Pou n te konnen konesans medam yo sou mouvman feminis la, nou te fè yon peze sou mo feminis la nan li menm. Chak medam yo te wè l yon jan. Pou Marilin, li konnen se yon ekip medam k ap goumen pou dwa fanm. Kisa ki dwa fanm nan pou li ? Se sa k ka pèmèt fanm nan fè yon seri bagay gason gen dwa fè. Nou ta ka di Marilin sanble byen enfòme sou mouvman feminis la nan jan l ap deplòtonnen nan peyi a. Nan sans sa a, li pale sa ki di, sa li tande men pa nan jan li konprann li. Pou li, se fanm ki ka feminis. Gason pa gen anyen pou l pèdi nan bagay konsa. Se yon avantaj pou medam yo pou yo gen yon kote pou yo pote plent.
Pou Zèt, feminis la se fanm ki ap fè yon aktivite, ki pa chita sou kont gason, ki p ap tann gason. Yon lòt fwa, travay la retounen pou l defini yon lòt reyalite ki marande ak fanm ki se feminis. Zèt di li pa twò konnen kisa ki mouvman feminis la. Li di kote l rete a, nan aktivite komès li, li pa konn nan okenn mouvman ak moun. Men li konnen gen yon bann fanm ki toujou ap pale nan radyo pou fè medam yo leve pye yo, pa rete sou kont gason. Defini feminis kòm fanm ki ap travay, se yon fason pou li kontrekare lide fanm dwe chita lakay. Lè nou konsidere definisyon nou te bay pi wo a, lè nou te di patriyaka nan mòd operasyon li divize espas piblik la ak espas prive, èske se pa yon fason li konprann depi yon fanm ap travay li kontrekare lòd patriyaka a ? Dapre nou, nan konpreyansyon zèt sou feminis, li kesyone fason sistèm patriyaka a vle ranje rapò nan mitan sèks yo. Yon lòt fwa, travay la retounen pou l defini yon lòt reyalite ki marande fanm, travay epi feminis. Konpreyasyon li sou fanm ak feminis pati sou jan li konprann epi pwodui lavi chak jou. Puiske travay se yon eleman santral nan idantite li kòm fanm, yon lòt fwa ankò, li rale li pou defini feminis.
Nou dwe presize pou nou la, nou konprann travay Zèt la nan yon sans materyèl. Nan sans se materyalite lavi fanm ki defini l ak kesyon feminis lan. Pa gen yon moman konsyans ki defini nan yon moman done epi ki pral pouse yon aksyon. Se yon ansanm kondisyon materyèl fanm sa yo viv.
Konesans medam yo sou mouvman feminis lan montre nou jan feminis lan prezan nan nivo opinyon piblik la. Men malgre sa, sa pa anpeche yon moun tankou Zèt rete konekte ak reyalite lavi pa l pou l konprann mouvman an nan li menm.
Ranmase
Bat bouch nou sot fè la epi ki ranmase diskisyon ak 2 medam ti machann yo se yon mannyè pou nou lanse, nan yon lòt fason, diskisyon ki genyen nan mitan yon kategori moun ki entèrese ak kesyon feminis la nan peyi a. Li te gen entansyon gade kijan yon kategori fanm nou defini pa rapò ak aktivite ekonomik y ap mennen, ti machann, konprann kesyon feminis lan. Sa fè n dekouvri kijan 2 ladan yo (Zèt ak Marilin) defini tèt yo kòm fanm, jan yon konprann kesyon feminis lan. Pawòl medam yo kesyone plizyè teyori kote yo bay pwòp definisyon yo sou jan yo konprann epi viv tèt yo kòm fanm. Definisyon medam yo soti nan materyalite lavi yo, nan jan yo pran responsablite yo nan yon seri reyalite sistèm patriyaka a mete yon kategori sèks sou yo.
Medam sa yo soti nan kategori sa nou rele ti machann nan. Nan ti pase istorik nou te fè, jouk rive jounen jodi a, se yon gwoup moun ki toujou ap bouske lavi pou fanmi yo, pitit yo, pitit pitit yo (GRANN). Pwofil kategori sa a fè nou toujou ap kesyone bon sans plizyè entèvansyon òganizasyon ki di y ap travay nan sans repare rapò debalanse nan mitan fanm ak gason nan sosyete a, nan chache fè fanm vin granmoun tèt yo, sa yo rele otonomi an. Òganizasyon sa yo souvan vini ak yon seri pwojè kote yo pran kèk grenn fanm yon kote pou di y ap mete nan men yo pou fè yon komès, oubyen yon aktivite ekonomik kèlkonk. Epitou, souvan gen yon lojik kontribisyon fanm nan devlopman peyi a ki mache avè l. Sa n ap mande tèt nou, ki vrè lojik ki dèyè koze granmoum tèt ak devlopman sa a? Kòman yon kategori fanm ki deja defini tèt yo nan koze travay ta ka pèdi tout sans materyalite lavi yo ? Paske, menmsi yo defini tèt yo konsa, menmsi se materyalite lavi yo, sistèm peze souse a (kapitalis ak patriyaka nan menm moman) pa toujou kite lavi yo swiv wout li. Yo gen divès fason yo sibi dominasyon ak opresyon sistèm nan nan pran ponya, nan peye lameri ak gang nan kèk ka, anba pye mari yo, elatriye. Poutan, nan lojik pwojè sa yo, kòm kidire gen yon manke konsyans nan mitan moun sa yo ki fè yo pa pran responsablite yo nan deplòtonnay peyi a. Èske se pa pou kache epi evite aji sou vrè pwoblèm yo ki ta lakoz anpil nan moun (fanm) sa yo lage de (2) bra balanse ?
Nan menm lojik sa a, li enpòtan pou n kesyone tandans ki toujou mennen majorite òganizasyon yo sou yon seri tematik tankou vyolans fizik sou fanm, tizonnay, entegrasyon fanm nan espas pouvwa, elatriye. Si nou gade diskisyon ak 2 medam yo, yo gen yon enpòtans kapital nan kesyon travay la. Poutan nou pa jwenn sa nan entèvansyon k ap fèt yo. Sa montre kijan yon seri òganizasyon rantre nan pyèj seri peyi nò yo ki toujou panse gwo bout tonton konsèp yo lakay yo pou vin enpoze yo nan yon reyalite ki depaman ak yo.
Diksyon ak medam ti machann sa yo kesyone tout rapò neyoliberal sa yo nan sans yo defini kisa ki priyorite pa yo, lavi yo. Fòk nou di tou se yon seri diskisyon nou vle lanse ak plizyè lòt kategori fanm tankou fanm ouvriye, fanm ki viv seksyalite l diferan pase lòd etowo a, fanm ki make diferans li nan relijyon li pratike, elatriye, nan sousi pou pèmèt moun konnen dizon medam sa yo sou mouvman feminis la, nan sa li ta vle di pou yo. Men se yon pis pou gade mouvman feminis la nan peyi a, kijan li kapab rejwenn prensipal konsène yo pou l kapab yon mouvman ki marande ak reyalite moun sa yo. Boutofen, nou vle mete baz pou yon feminis ayisyen.
REFERANS BIBLIYOGRAFIK
ANGLADE, Mireille Neptune. 1997. L’autre moitié du développement : à propos du travail des Femmes en Haïti. Port-au-Prince: Des alizés.
CLERVAL, Anne ; DELPHY, Christine. 2015. «Le féminisme matérialiste, une analyse du patriarcat comme système de domination autonome », A. Clerval, A. Fleury, J. Rebotier et S. Weber (dir.), Espace et rapports de domination. Rennes: Presses universitaires de Rennes. DOI: https://doi.org/10.4000/books.pur.59381.
DOURA, Fred. 2018. « Situation de la femme haïtienne, ses besoins, droits et responsabilités ». Rencontre, 34, p. 106–116
GUILLAUMIN, Colette. 1992, Sexe, race et pratique du pouvoir. L’Idée de Nature, Paris : Côté-femmes.
KERGOAT, Danièle. 2009. « Dynamique et consubstantialité des rapports sociaux », E. Dorlin (dir.), Sexe, race, classe. Pour une épistémologie de la domination, Paris, Presses universitaires de France, p. 111–125.
PFEFFERKORN, Roland. 2007. Inégalités et rapports sociaux : rapports de classe, rapport de Sexe, Paris : La Dispute.
PIERRE-CHARLES, Gérard. 2013. Radiographie d’une dictature. Port-au-Prince : Université d’État d’Haïti.
PIERRE-LOUIS, Patrick. 2011. Code civil. Port-au-Prince : Zémès
ROBERTSON, Claire Cone. 2003. « Femmes esclaves et femmes libres de l’Afrique et l’Europe à l’Amérique : travail et identité ». Cahiers des Anneaux de la Mémoire, 5.
NÒT
[1] Fred Doura di nan atik li ekri nan CRESFED ki gen tit « Situation de la femme haïtienne, ses besoins, droits et responsabilités » nan lane 2018, yo estime 82% fanm nan peyi a nan kategori sa, kategori sektè enfòmèl la. Men sa pa vle di tou tout se ti machann. Nou estime ti machann nan nan nivo (kantite) pwodui lap vann nan. Sa vle di, yon moun ka toujou nan mache enfòmèl la, men li pa yon ti machann pou sa.
[2] Nan sousi poun pwoteje idantite medam sa yo, nou ba yo yon non nou imajine.
[3] Reprezantasyon fanm poto mitan toujou vle fè parèt se yon fason pou valorize travay fanm nan sosyete a. Men nou menm, nou pito konprann li nan fason pou maske revandikasyon fanm yo ak bèl pawòl, yon fason pou yo kenbe lòd sistèm patriyaka nan rapò sèks yo.
[4] Lorsque ces femmes d‘Afrique de l‘ouest furent emmenées de force vers le continent américain, elles emportèrent avec elles leurs aptitudes à gérer plusieurs situations, leurs qualités créatives et artistiques, leurs sens de la responsabilité envers leurs familles […]. Leur système de référence africain, leur niveau de compétence, et leur attitude face au travail, ont été utilisés pour répondre à leur nouvelle expérience.