Kiyès ki mèt Arnel Joseph

Jethro J. SEREME
Jethro SEREME
Published in
2 min readFeb 20, 2019

Kòm mwen wè pouvwa ak opozisyon an ap akize youn lòt se yo ki te al dèyè Arnel Joseph.

Kòm mwen remake pèsonn pa vle mache ak misye nan moman sa la.

Kòm nonplis m pa vle pèsonn lonje dwèt sou mwen nan dosye sa. M ap fon ti rapèl rapid pou fini.

1. Nan koumansman mwa novanm 2018, Lapolis peyi Dayiti mete 2 milyon goud pou jwenn bandi a

2. Arnel Joseph touswit apre bay 6 milyon pou l jwenn moun ki bay lajan sou tèt li ( yo di rimè)

3. Nan fen mwa novanm 2018, Lapolis peyi Dayiti mennen yon operasyon pou pran chèf bandi a. Li chape

4. Nan koumansman mwa desanm 2018, senatè Joseph Lambert fè konnen se yon palmantè ki kouri pran misye

5. Nan yon seyans nan palman ak chèf Lapolis la, Michael Ange Gedeon, senatè Sidès la lonje dwèt sou depite 3e sikonskripsyon Pòtoprens lan Printemps Belizaire ( depite a sèmante li pa janm konn moun ki rele konsa)

5. Touswit apresa, 6 depite mande senatè a fè eskiz piblik pou lave depite a

6. Depite Printemps Belizaire menase fè wout lajistis ak senatè Lambert pou manti, sal imaj li.

7. Plizyè depite menase bòykote antre palmantè a, 2e lendi janvye 2019 si senatè Sidès la pa tounen sou deklarasyon li

8. Apre anpil pale anpil nan seyans antre palmantè a, finalman senatè Lambert fè eskiz nan chanm fèmen pou seyans lan rekoumanse. Pèsonn pa konn kot Arnel Joseph pase

9. Nan dat 10 fevriye 2019, yon foul moun antre nan Vilaj de Dye ap rele “Viv Arnel, aba Jovenel” mande l rejwenn mouvman pou voye prezidan ale.

10. Nan dat 13 fevriye 2019, Arnel Joseph, nan tèt yon gwoup nèg ak zam fè viwonn Pòtoprens ap chèche prezidan Jovenel Moise…

NOU KONN RÈS LA DEJA…

Antouka, sa montre nèg isit bezwen w pou yon tan. Kou yo mare, yo jete w

--

--

Jethro J. SEREME
Jethro SEREME

Journalist, Photograph, Social Media Specialist, Community Manager, Producer of VWA NOU (social web series), co-manager of VIZIBILITE 3.0