3 Kokennchenn Leson Kap Chanje Viw

Gaetan Casseus
Liv Enspiran
Published in
6 min readNov 16, 2018

Ou vle viv yon vi alèz.

Ou vle yon vi kote gen lajwa, siksè, lanmou, bonè, sante.

Men gen yon problem, ou konfi, lavi a paret konplike.

Ou pa ka fin konprann li.

Ou fixe objektif ou, ou gen rèv ou, men ou pa fin wè klè, ou wè akonpli rèv sa, objektif sa lwenw.

Ou pa sèten de sak pral rive nan fiti.

Liv jodia, ka edew wè klè , li ka ede w vin pi sèten pou reyalize rèv ou e viv nan bone.

Liv jodia se “ The monk who sold his Ferrari” ( Le moine qui vendit son Ferrari ) Ke Robin Sharma ekri.

Robin Sharma, se youn nan top 5 ekspè ki gen nan lidèchip ak siksè nan mond lan. Liv li yo enpakte lavi milyon moun sou tè a. Sitou pou liv sa ki enpakte vim.

Liv sa gen leson ladanl kap pemèt ou vin pi klè sou vizyon ou, ede ou akonpli rèv ou.

Objektif blog sa se pataje avew 3 kokennchenn leson ki gen nan liv sa ki ka edew chanje viw.

1. Pran swen lespriw

Robin sharma : « If you care for your mind, if you nurture it and if you cultivate it, just like a fertile, rich garden, it will blossom far beyond your expectations.”

“ Si ou pran swen lespriw, si ou nouril e kiltive l, menm jan ak yon jaden ki fètil, lap edew reyalize saw pat espere.”

Menm jan Ameriken yo dil :” Garbage in, Garbage out”, sa ou kite antre nan lespriw, se li wap pwodwi nan aksyon w.

Si nou kite enfomasyon pozitif antre nan lesprin, nou fokis sou rèv nou, objektif nou, nou fokis sou bon bagay nan chak sitiyasyon, si nou kiltive lafwa , sa ap pemèt nou avanse pi prè reyalizasyon rèv nou e menm reyalizel.

Pierre Stanley Baptiste di :” Ou paka jwenn rezilta dyaman ak yon mantalite krizokal.”

Si ou vle gen rezilta dyaman, ou dwe gen yon mantalite dyaman.

Pou ou gen yon mantalite dyaman fok ou nouri lespriw ak enfomasyon kap pemet ou gen yon mantalite dyaman.

Pa gen anyen ou fè, ki pat nan lespriw avan menm ou fèl.

Se sak fè Robin Sharma fokis sou enpòtans poun pran swen lespri nou, pou nou nouril ak bagay pozitif.

James Allen di : « Yon moun paka chwazi sikonstans li yo direkteman, men li ka chwazi panse l, e endirekteman, chanje sikonstans li yo. »

Pou w ka viv yon vi ki gen siksè, ou dwe pran swen lespriw.

Kek egzèsis Robin Sharma bay nan liv la ki ka pemèt nou pran swen lespri nou.

Exercice 1 : Imajinasyon

« Things are always created twice : First in the workshop of the mind and then, and only then in reality. » Robin Sharma
“ Tout bagay toujou kreye de fwa: Premyeman nan lespriw, e apre nan reyalite a.”

Nou panse an imaj pi souvan.

Mreyalize si nap panse ak pa egzanp yon machin, ou pa panse ak « m-a-c-h-i-n » men nap gen yon imaj yon machin paret nan lespri n.

Si ou vle pran swen lespriw pou ou gen meyè rezilta, ou dwe imajine jan ou ta renmen viv, ki moun ou ta renmen vin ye.

Anvan ou ka viv yon vi alèz, ou dwe ka imajine l pou tèt ou, paske tout bagay kreye de fwa nan lespriw aprè sa nan reyalite.

Exercice 2 : Panse Opoze

Nan liv la Robin konseye nou chak fwa nou gen yon panse negatif nan lespri nou, nou dwe ranplasel ak yon panse pozitif.

Paske lespriw gen kapasite pou kenbe yon panse alafwa.

Exercice 3 : Chèche pozitif la

Ouvri zyew sou sa ki bon,sa ki pozitif nan chak sitiyasyon.

Napoleon Hill di : « Chaque difficulte porte en elle le germe d’un avantage equivalent ou superieur. »

Olye nou plenyen, nou dwe cheche sa ki mache byen.

Olye nou fokis sou sa nou pa genyen nan vin, nou dwe fokis pito sou sa nou genyen nan vi nou.

Se sa Robin konseye nou nan exercice sa.

Nou pran swen lespri n, nou nouri l ak bon enfomasyon, kounya nou dwe…………………….

2. Konn kote ou prale

« Lasting happiness comes from working steadily to accomplish your goals and advancing confidently in the direction of your life’s purpose. » Robin Sharma
“ Yon bonè dirab vini lè wap travay pou ou akonpli objektif ou yo e lè ou ap avanse ak konfyans nan direksyon misyon lavi w. »

Lè ou pa gen objektif, ou pa konn kote ou prale. Se komsi ou sou yon teren, wap kouri, drible, men ou pap janm ka fè gòl paske ou pa konn kisa ou vle, ki objektif ou.

Se youn nan leson ki pi enpòtan Robin Sharma ekri nan liv la.

Yo fè yon etid sou yon bann etidyan ki fin gradye nan inivesite, yo dekouvri apre plizyè lane, sila yo ki reyalize plis bagay nan vi yo, se sila yo kite gen objektif presi, ki te konn kote yo prale.

Se sak fè Earl Nightingale di : « Moun ki gen objektif yo reyisi, paske yo kont kote yo prale. »

Tout moun vle yon vi meyè, gen plis bonè, plis kòb, yon gwo karyè.

Men nou pa pran tan nou pou nou define objektif la, presizel poun wè egzakteman sa nou vle reyalize a.

Si se anpil kòb, konbyen kòb, si se yon gwo karyè pwofesyonel, ki tip de gwo karyè pwofesyonel.

Fon pa ret anlè selman, fok nou desann atè.

« You will never be able to hit a target that you cannot see. » Robin Sharma
“ Ou pap janm atenn yon sib ou paka wè.” Robin Sharma

Yon egzanp Robin Sharma bay nan liv la ki montre sa pi byen.

Gen Yogi Raman ki se te mentò Julian Mantle, li te vle montre Julian enpòtans pou konn kote ou prale, pou w we sa ou vle. Yogi Raman se yon nèg ki konn tire flèch anpil, li pat janm rate sib li. Jou sa li te avèk Julian, li bande zye li pou l tire flèch la, Julian te panse li tap pran sib la, men li rate sib la. Epi li di Julian, ou pap janm ka atenn yon sib ou paka wè.

Le ou fin konn ki kote ou prale, ki objektif ou, ou dwe…………………….

3. Progrese chak jou

Nan leson sa, Robin Sharma pale nou de Kaizen, ki se yon mo japonè ki vle di : «yon amelyorasyon konstan ki pap janm fini. »

Gen yon prensip ke Bob Proctor di ki gen nan vi a, ki di chak jou swa ou pwogrese, swa ou fè back, ou pap ka ret statik.

Se sak fè li bon e enpòtan pou amelyore, pwogrese, vin pi bon ke moun te ye, yè a, chak jou.

Dapre Robin, youn nan fason pou w grandi chak jou se lè ou afronte pè ou.

Si ou vle grandi, vin gen plis konfyans, ou dwe soti nan zon de konfò ou, afronte pè ou.

Joseph Campbell di : « La caverne que tu as peur d’entrer contient le tresor que tu cherches. »

Rèv ou pè pouswiv la, objektif ou pè travay sou li a, pwojè ou pè komanse a, ogmantasyon ou pè mande a, se la trezò wap cheche a ye, se la wap grandi.

Mwen te pè pale an piblik anpil, sa te yon andikap pou mwen poum pale an piblik, paske nan tan lontan mwen te timid.

Mwen te vin afronte pè sa, mwen te vin pale an piblik souvan, sa te vin fè mwen alez poum pale an piblik kounya, mwen vin gen plis konfyans nan tèt mwen.

Mvin wè ke nou pap ka grandi si nou ret nan zon de konfò nou. Fok nou soti de zon de konfò sa, afronte pè nou, fè sa ki enpòtan pou nou.

Pran swen lespriw, konn kote ou prale, epi pwogrese chak jou…………….

Si ou vle viv yon vi enspiran, yon vi alez, 3 leson sa yo ap pemet ou pi pre reyalizasyon objektif ou .

Mespere atik sa te enspirew, menm jan mwen te exite e enspire pou m pataje l avèw.

--

--

Gaetan Casseus
Liv Enspiran

Gaetan is a blogger who writes and learns about personal development and business ideas. A young guy, hungry for knowledge.