5 Sekrè Nan Reyisit Yon Milyonè

Gaetan Casseus
Liv Enspiran
Published in
6 min readNov 13, 2018

Imajine, ou rankontre yon milyonè li diw, chwazi ant de bagay sa yo, lap baw $100,000 US oubyen lap baw meyè konsèy li genyen yo, diw sa pou ou fè, akonpanye w pou ou ka rive kote l ye a, gen menm nivo reyisit avel ?

Kisaw tap chwazi.

Gen moun ki tap chwazi $100,000 US la, yo di tèt yo, yo pa bezwen konsèy, yo wè kòb la bèl devan yo, yo te gen yon ide biznis, yo ka tou komansel ak kòb sa.

Oubyen ou ka refize kòb la, ou pran konsèy yo pito, ou chwazi pou milyonè a akonpanye w pou ou ka rive nan menm nivo avèl, e aprann konnen sa li konnen yo.

Ou di tèt ou pito ou gen poul kap ponn ze a, ke ou gen kèk grenn ze ki ap fini yon lè kanmenm.

Si ou chwazi dezyèm opsyon an , daprè mwen se pi bon chwa a, paske konsa, wap arive gen reyisit pa ou tou.

Men ou gen dwa mande tèt ou kibò map rankontre ak yon milyonè, sa pap janm ka rive pou yon milyonè banm tout konsèy, sekrè kifè li reyisi nan vil.

Se vre…………..

Men gras a liv, ou gen posibilite pou aprann de moun sa yo, pou ou konekte avè yo.Ou gen dwa pap ka rankontre yo, men ou ka li liv yo, nan liv yo, anpil nan yo pataje sekrè kifè yo rive sa yo ye jodia. Li liv yo , aprann de yo, e pratike yo nan lavi ou.

Se rezon ki fe mwen kreye blog sa, ki pale sou liv inspiran, pou ou ka aprann de moun sa yo, e mwen tou map aprann de yo.

Liv jodia se « Screw it, Let’s do it » de Richard Branson.

Richard Branson se yon antreprenè ki gen anpil siksè, e ki inspire anpil moun nan mond lan, anpil lot antreprenè, li kreye yon gwo konpayi ki rele Virgin. Li se yon milyadè.

Richard Branson pataje sekrè reyisit li nan liv sa. Liv sa se tankou otobyografil.

Poum rezimel, map pataje 5 sekrè ki gen nan liv avè nou, ki fè Richard Branson, gen siksè li genyen jodia.

1.Komanse, fè premye pa a

“If something is what you really want to do, just do it. Whatever your goal is, you will never succeed unless you let go of your fears and fly.” Richard Branson

“Nenpòt bagay ou ta vle fè, jis fèl, pa tann bon moman an, paske bon moman an se toujou kounya. Si wap tann bon moman an , ou gendwa pa janm komanse.”

Richard komanse yon biznis a 15 zan, ki rele “Student Magazine”. Tout moun te dil lap echwe paske l te two jèn. Men li te kwè nan tèt li ak nan sa l ap fè a, li te kontinye.

A 16 zan, li kite lekol pou l travay a plen tan sou biznis li an. Aprè kelke tan, li vin gen anpil siksè ak biznis sa.

Richard, youn nan sekrè reyisit li pataje nan liv la, se le ou gen yon ide, se fèl, komanse kounya. Itilze saw genyen, fe saw kapab nan moman an, pou w fè ide sa vin yon reyalite.

Si wap tann bon moman an, ou gendwa pa janm komanse. E si ou pa janm komanse, ou pap janm rive fè, sa ou ta renmen fè a.

Bon moman an se kounya.

Ou pa oblije kite lekol pou ou komanse yon biznis menm jan ak Richard, ni pran yon gwo risk.

Men sa ou dwe konnen le ou vle fe yon bagay ,se fèl, komanse jan ou kapab ak sa ou genyen.

“ Whatever your goal is you will never succeed unless you let go of your fears and fly. “ Richard Branson

“ Pe enpot ki objektif ou genyen, ou pap janm reyisi si ou pa anbadone pè ou yo e poze aksyon.”

2.Fè sa ou renmen

“I have no secret. There are no rules to follow in business. I just work hard, and , as I always have done believe I can do it. Most of all, though I try to have fun.” Richard Branson

“ Mwen pa gen sekrè. Mwen pa gen règ mwen swiv nan biznis. Mwen jis travay di, e janm te toujou fèl, kwe kem ka fèl. Plis toujou, mwen eseye amizem.”

Richard montre nou ke youn nan sekrè reyisit li se fè sa li renmen fè, amizel nan sa lap fè a, pran plezil ladanl.

Anpil biznis li kreye soti nan ide pou l fè sa li renmen.

Richard di si ou nan yon travay, ou pa renmen , kitel pran yon travay ou renmen. Si ou pa vle kitel , cheche yon fason pou vin amize w nan sa wap fè a.

Youn nan bagay syantifik yo dekouvri , se ke lè ou fè sa ou renmen, ou pi pwodiktif, e le ou pi pwodiktif, ou gen plis reyisit.

3.Bay tèt ou defi

“If you challenge yourself, you will grow. Your life will change……… It’s not always, easy to reach your goal but that’s no reason to stop……..Say to yourself “ I can, I’ll keep on trying until I win.” Richard Branson

“ Si ou bay tèt ou defi , wap grandi. Vi ou ap chanje……….. Li pa toujou fasil pou ou akonpli objektif ou men se pa yon rezon pou abandone. Di tèt ou : Mwen kapab, map kontinye eseye jiskaske mwen genyen. »

Bay tèt ou defi se gen yon objektif, se gen yon bagay wap travay pou ou akonpli.

Yo dekouvri anpil moun ki echwe se moun ki pa gen objektif, ki pa bay tèt yo defi pou reyalize yon bagay.

Paske si ou pa gen anbisyon, ou pa gen yon dezi pou ou akonpli anyen ou pap ka reyisi.

Richard te fè yon maladi ki rele dyslexie(en francais). Li pat ka li, ni ekri byen. Li te bay tèt li yon defi pou l vin yon repotè kote fok li konn li ak ekri pou l ka fè travay sa.

E li arive chanpyon lekol li nan yon konkou disètasyon.

Li bay tèt li yon lot defi pou l komanse yon magazine malgre pwoblem li genyen ak li ak ekri, li akonplil.

An nou reflechi a ki defi nap bay tèt nou, paske sa ka chanje vi nou. Paske nou menm lòm pa gen yon defi nou pa anvi leve, pa gen yon rekò nou pa anvi bat.

Bay tèt ou yon defi kap chanje vi w. Petèt pou ou komanse biznis ou reve a, jwenn travay ou te vle a, reyisi pwojè ou a, pase egzamen ou an.

4.Viv nan moman prezan

“ Love life and live it to the full, enjoy the moment , reflect on your life, make every second count, don’t have regrets. “ Richard Branson

“ Renmen lavi e viv yon vi ki ranpli, profite de chak moman, reflete sou laviw, fè chak segond konte, pa gen regrè.”

Youn nan bagay Richard di se pou nou aprann viv nan moman prezan, se youn nan bagay ki inpotan.

Si ou rete wap viv nan fiti, wap reve sèlman men san akonpli anyen. Oubyen si wap viv nan pase, wap viv nan regrè.Ou pap janm ka vanse pou ou reyalize rèv ou yo.

Li bon pou al nan fiti, pou ou reve pou planifye sa ou ta renmen fè nan viw, men fok ou aprann tounen nan prezan, apresye moman an, fè sa ou renmen fè e sa ou dwe fè pou w rann fiti sa yon reyalite.

Li bon pou al nan pase pou ou raple ou de bon moman ou pase nan viw , li anko pi enpòtan pou ou viv nan prezan, fe lapè ak pasew, rekonèt ou pap ka chanje pase a, e kontinye vanse pou yon demen miyò.

Menm jan Oogway di l : « Fiti a se yon mistè, pase a yon istwa, prezan an yon kado. »

5. Kwe nan tèt ou

“ I believe in myself. “ Richard Branson

“ Mwen kwè nan tèt mwen.”

Fòk ou aprann kwè tèt ou, si ou pa kwè nan tèt ou, okenn moun ka pa kwè nan ou.

Si ou pa kwè nan tèt ou, ou pap ka reyisi nan sa wap fè a.

Richard te kwè nan tèt li, se youn nan bagay ki te fèl akonpli tout sa lakonpli yo.

Si ou pa kwè ke ou ka fèl, ke li posib pou ou, ou pa p fè sa ou dwe fè pou reyalize objektif ou.

Kwè nan tèt ou, kwè nan sa wap fè a.

Kesyon: Kiyès nan 5 sekrè sa yo ou prefere, ke ou ta renmen aplike nan v

--

--

Gaetan Casseus
Liv Enspiran

Gaetan is a blogger who writes and learns about personal development and business ideas. A young guy, hungry for knowledge.