Koman ou ka chanje sikonstans lavi ou?

Gaetan Casseus
Liv Enspiran
Published in
4 min readNov 9, 2018

Ou konn we , tout sa ou eseye paka mache, ou depoze CV, ou mande Djob, ou kreye yon biznis, men ou we anyen pa mache. Ou konn di tet ou, ou pa gen chans, ou gen devenn.

Oubyen, ou son moun depi le ou fet, tout bagay mache byen pou ou. Se komsi ou gen yon chans avew.

Oubyen tou, ou se yon moun ki ant de bagay sa yo. Pafwa ou gen chans, bagay yo mache, men gen de jou, se komsi ou pa gen chans, ou gen devenn.

E si ou te ka enflianse sikonstans lavi ou, si ou te gen pouvwa pou w chanje rezilta wap pede genyen yo, rezilta ke ou pa vle yo.

De liv nap pale jodia, se de liv James Allen nan, tit li se “ As a man thinketh” (L’homme est ce qu’il pense).

James Allen kite biznis pou li komanse ekri liv ki enspire moun, liv kap ede moun grandi nan vi yo. Pami tout liv li yo, liv sa se li ki pi seleb. Liv sa impakte lavi anpil moun, li se yon klasik, malgre li ansyen, verite ki ladanl yo toujou aplikab nan mond nap viv jodia. Se youn nan rezon ki fe liv sa yon klasik.

Jim Rohn di ke chak fraz nan liv sa vo yon semine.

Se yon liv ki gen anpil sajes, ki enspirem anpil, e ki montre koman nou ka chanje sikonstans lavi nou.

Nan liv sa, James Allen montre nou ki kote rezilta nou yo soti. Li ban nou orijin yo, koz rezilta nou gen nan vi nou yo.

James montre ke rezilta nou yo vini de panse nou genyen yo. Ke si nou chanje panse nou, nou ka chanje vi nou.

Nan debi liv la, James Allen di : “ Le monde extérieur des circonstances se modèle sur le monde intérieur de la pensée; et les conditions extérieures plaisantes ou non, sont des facteurs qui concourent au bien suprême de l’individu. L’homme récolte ce qu’il a semé, il apprend tout autant par la souffrance que par le bonheur.”

Sa vle di, koz rezilta nou yo se fason nou panse.

Youn nan bagay James di:” Ce ne sont pas les circonstances qui font l’homme, elles ne font que le réveler à lui-même.”

Nou konn panse se sikonstans yo ki pwodui moun nou ye. Men pafwa tou, sikonstans yo, se revele yo revele nou sa kap pase anndan nou.

Se sak fe Bob Proctor di: “ Si nou kite sikonstans deyo yo, kontwole panse nou, nap pwodui menm rezilta yo.”

James ban nou kek fason nou ka chanje sikonstans lavi nou.

Chanje Panse Nou

James di:“L’homme n’a pas ce qu’il souhaite et desire, il n’a que ce qu’il mérite. Ses souhaits et ses prières ne sont exaucés que lorsqu’ils sont en harmonie avec ses pensés et ses actions.”

Ou pa gen sa ou vle, men ou gen sa ou merite.

Sa ou merite a soti nan aksyon ou, e aksyon ou soti nan panse ou.

Youn nan bagay ki fe liv sa spesyal. Se ke James pa Selman di pouw panse pozitif epi gen wap gen bon rezilta nan viw, paske ou dwe poze aksyon ki pou provoke rezilta sa yo.

Men ou dwe chanje panse ou pou ou arive chanje sikonstans vi ou paske orijin aksyon ou yo se panse ou.

Se sak fe, ou dwe panse pozitif, pou ou gen rezilta pozitif.

“ De bonnes actions produisent de bonnes resultants, de mauvaises actions produisent de mauvaises resultats.” James Allen

Gen yon objektif

James di:” Tant que la pensée n’est pas lié à un but, aucune réalisation intelligente n’est possible.”

Ou gen dwa panse pozitif, men san objektif ou pap ka akonpli anyen.

E sak fe Earl Nightingale di:” Moun ki gen objektif yo reyisi paske yo konn kote yo prale.”

Ou pa ka reyalize yon objektif, san ou pa gen yon objektif. Ou paka reyalize yon rev, san ou pa gen yon rev.

Anpil moun pa gen objektif presi, yo gen objektif ki vag. Se sak fe yo paka vreman reyalize objektif yo.

Si ou vle chanje sikonstans vi ou, ou dwe gen yon objektif e travay chak jou pou ou fel vin reyalite.

Se sak fe sou pwen sa, James di:” Tout homme devrait se fixer un but legitime et tout faire pour l’atteindre.”

Kenbe vizyon w

James Allen di:” Celui qui nourrit une vision merveilleuse, un idéal elevé dans son coeur, les réalisera un jour.”

Kenbe vizyon w, epi travay chak jou pou w fel vin yon reyalite.

Se vre ap gen obstak, dapre James si ou kontinye kenbe vizyon w, travay sou li, yon jou lap vin reyalite.

Wap gen moman difisil, wap gen echek, men pa janm abandone.

Menm jan Pierre Stanley Baptiste dil: “ Kontinye wouze rev ou ak lafwa, kontinye wouze rev ou ak lespwa, kontinye wouze rev ou ak travay di.”

James di:” Les circonstances qui vous entourent peuvent être désagréables mais elles ne demeureront pas longtemps si vous poursuivez un idéal et si vous faites des efforts pour l’atteindre. Vous ne pouvez pas voyager à l’intérieur de vous sans que des changements ne s’opèrent à l’extérieur de votre être.”

Pawol sa se pawol ki pi inspirem nan liv la.

Sikonstans yo gen dwa pa sa ou ta vle jodia, men si ou kontinye wouze rev ou ak lafwa, ak travay di, yon jou soley la va briye nan vi w.

Kesyon : Dim sa ou panse, eske ou kwe ke panse ou genyen yo, ak fason ou panse, se youn nan koz rezilta ou gen nan vi w?

--

--

Gaetan Casseus
Liv Enspiran

Gaetan is a blogger who writes and learns about personal development and business ideas. A young guy, hungry for knowledge.