Koman ou Ka Vin Youn nan Meyè nan Domèn ou, Menm si ou pa Gen Anpil Talan ?

Gaetan Casseus
Liv Enspiran
Published in
6 min readNov 17, 2018

Enposib, pa vre ?

Sèl moun ki meyè nan domèn yo, se moun ki gen plis talan yo. Le nap gade America’s got talent, ak Podyom Katye ( Podium des quartiers ), nou wè se moun ki gen plis talan an ki genyen.

Oubyen se sa sosyete fèn kwè, ki fè nou vin distrè ak talan. Lè yon moun reyalize yon gwo bagay, premye sa ki vin nan tèt nou “ gad jan l gen talan”, lèn fè sa, nou tou exkli tet nou. Li pa posib pou nou.

E sim ta diw anpil moun ki reyalize gwo bagay nan vi yo, ki se jeni nan domèn yo, pa toujou moun ki gen plis talan an.

Jim Kwik te vin yon retade mantal aprè yon aksidan li te fè lèl te gen 5 lane, li pat ka aprann byen lekòl. Nan lekòl, sa elev yo te konprann nan 2 jou, li te toujou pran plizyè mwa pou l konprann. Li te soufri anpil lekòl. Kounya jim kwik, youn nan meyè Coach Sevò, yon ekspè nan koman pou w aprann rapid, kijan pouw amelyore memwaw , nan mond lan.

Tcheke lyen sa pouw wè lèw fin li. http://jimkwik.com/about/

Le yo mande Will Smith ki sekrè reyisit, li di,: “ ou ka gen plis talan pasem, ou ka pi entilijan pasem, men ou pap travay pi di pasem.”

Angela Duckworth, sikolog, pwofesè nan inivesite pennsylvania nan peyi Etazini , pasyonl se dekouvri kiyès ki reyisi e poukisa. Nan rechèch li yo, li dekouvri premye faktè ki fè yon moun reyisi se Grit. Grit vle di pasyon ak pèseverans.

Se sa ki ta pral fèl ekri yon liv ki rele “Grit”.

Nan etid li, li dekouvri moun ki meyè nan domèn yo, moun ki reyisi, se moun ki gen plis grit, ki vle di pasyon ak peseverans.

Daprè Angela Duckworth, talan konte, men efò konte 2 fwa plis.

Talan X Efò = Konpetans

Konpetans X Efò = Akonplisman

Donk, efò konte 2 fwa plis ke talan.

Se sak fè yo di, travay di bat talan ki pa vle travay.

Objektif atik sa se baw 4 etap pou w devlope pasyon ak pèseverans ( grit ) pouw vin youn nan meyè nan domèn ou menm si se pa ou ki gen plis talan.

1.Devlope enterè w pou yon bagay

“ We have more chance to succeed doing what we love, than what we hate to do.”
Angela Duckworth
“ Nou gen plis chans pou n reyisi nan sa nou renmen fè, ke nan sa nou rayi fè.”

Li pi fasil pou w reyisi lè ou fè sa ou renmen, ke sa ou pa renmen.

Rechèch yo montre, lè yon moun fè yon travay li renmen li pi satisfè e li pèfòme pi byen.

Tout moun ki reyisi, ki meyè nan domèn yo, di ke yo renmen sa yap fè a.

Steve Jobs di: “ Sèl fason pou reyalize yon gran travay, se renmen sa wap fè a. Si ou poko jwenn li, kontinye chèche.”

Dapre Angela Duckworth, nou pap jis ret konsa nou dekouvri san renmen fè, nou dwe travay poun devlope l, poun jwenn li.

Si ou poko dekouvri sa ou renmen fè, ou dwe eseye fe plizyè bagay jiskaske ou jwenn sa ou renmen an.

Paske ou pap janm konn manje preferew si ou pat goute plizyè manje. Ou pap konn siw renmen lalo si ou pat janm manjel.

Lew fin jwenn yon bagay ki enteresew, ou dwe devlope enterèw pou li poul vin pasyon w.

Aprè sa, ou dwe ………

2. Pratike vin meyè chak jou

“ Just because you love something doesn’t mean, you’ll be great, not if you don’t work. Most people stink at the things they love.” Angela Duckworth

“ Jis paske ou renmen yon bagay pa vle di, wap vin gran ladanl, si ou pa travay. Anpil moun medyòk nan sa yo renmen fè.”

Ou dwe pratike vin meyè chak jou nan domèn ou.

Angela Duckworth, dekouvri moun ki gen plis grit ( pasyon ak peseverans ) se moun ki travay chak jou pou amelyore konpetans yo.

Angela pale de etid Anders Ericsson te fè sou moun ki ekspè nan sa yap fè nan mond lan.

Anders Ericsson se ekspè, ekspè nan mond lan. Li etidye moun ki ekspè nan domèn yo.

A pati de la li vin a règ 10 000 èd tan an. Règ 10 000 èd tan an di si yon moun pase 10 000 èd tan ap pratike yon domèn lap ekspè ladanl, lap vin yon jeni.

Malcolm galdwell se youn nan moun ki te popilarize règ 10 000 èd tan an.

Ou gen dwa di règ sa pa kenbe paske gen anpil moun ki gen plis ke 20 lane nan yon domèn, men yo pa vin ekspè ladanl.

Men nan règ 10 000 èd tan se pa kantite tan wap pratike a ki konte, men se kalite pratik ou ki konte.

Angela Duckworth di anpil moun gen yon lane eksperyans ki repete pandan 20 fwa.

Anpil moun ki komanse nan yon domèn, yo devlope konpetans yo. Men yo rive nan yon nivo, yo atenn yon plato, kote yo ret nan menm nivo a, yo pa janm amelyore.

Ou dwe pratike pouw amelyore chak jou.

Aprè sa, ou dwe………

3. Kontribye nan bonè lot moun

“ Interest is one source of passion. Purpose — the intention to contribute to the well-being of others — is another.” Angela Duckworth

“ Enterè se youn nan sous pasyon. Misyon — entansyon pouw kontribye nan bonè lot moun — se yon lòt.”

Tony Robbins di nou gen 2 bezwen ki endispansab pou bonè nou, se bezwen poun progrese ak bezwen poun kontribye.

Angela Duckworth dekouvri moun ki gen plis grit ( pasyon ak peseverans ) se moun ki te gen yon misyon ki plis pase yo.

Yon egzanp pou w konprann sa pi byen.

Yo poze twa bòs mason kesyon,: “ Ki sa nap fè la ?”

Premye a di :” Map poze blòk”

Dezyèm nan di:” Map konstwi yon legliz.”

Twazyèm nan di: “ Map konstwi kay Bondye.”

Premye bòs mason an gen yon djòb. Dezyèm bòs mason an gen yon karyè. Twazyèm bòs mason an gen yon apèl, yon misyon.

Si ou vle gen plis pasyon ak pèseverans, ou dwe gen yon misyon, on bagay ki plis pasew.

“ How you see your work is more important than your job title.” Angela Duckworth

“ Fason ou wè travay ou pi enpòtan ke tit travay ou.”

Kounya, ou dwe………………

4. Gen espwa fitiw ap meyè ke pasew

“ Grit depends on a different kind of hope. It rest on the expectation that our own efforts can improve our future. I have a feeling tomorrow will be better is different from i resolve to make tomorrow better.” Angela Duckworth

“ Grit ( pasyon ak peseverans ) depann de yon tip espwa ki diferan. Li poze sou esperans ke pwòp efò nou ka amelyore fiti nou. Mwen santi demen ap miyò diferan de mwen pran angajman poum fè demen miyò.”

Gen de tip espwa. Premye tip espwa a se espere demen ap miyò ke jodia. Lot tip espwa se pran desizyon pou w fe demen miyò ke jodia.

Li posib

Si ou devlope pasyon ak pèseverans ( grit ) ou.

Ou fè yon travay ou renmen, ou pratike vin meyè chak jou, ou gen yon misyon, ou pran desizyon pouw fè fitiw meyè ke prezan w.

Daprè Angela Duckworth ak rechech li fè yo, ou gen anpil chans pou w vin youn nan meyè nan domèn ou, pouw fe siksè.

Petèt ou pap vin Michael Jordan, ni Albert Einstein, men wap youn nan meyè yo.

O wiii, li posib.

--

--

Gaetan Casseus
Liv Enspiran

Gaetan is a blogger who writes and learns about personal development and business ideas. A young guy, hungry for knowledge.