Koman Ou Ka Viv Yon Vi Ekstraòdinè ?

Gaetan Casseus
Liv Enspiran
Published in
6 min readNov 14, 2018

Lè ou te piti, ou te konn ap reve gran, ou te gen gwo rèv.

Men , pandan wap grandi, koz sa ou tande yap din nan sosyete a, ou redwi sou rèv ou, ou sispann pouswiv gwo vizyon sa ou te genyen an.

Ou panse li pa posib pou ou viv yon vi ekstraòdinè.

Robin Sharma ki se youn top 5 ekspè ki gen nan lidèchip nan mond lan, di youn nan meyè konsèy li jwenn, se le papal dil : “ Pitit mwen lè ou tap fèt tout moun tap rejwi pandan ou menm ou tap kriye. Viv yon fason, pou ke lè wap mouri, mond lan ap kriye, pandan ou menm wap rejwi.”

Sa vle di ou viv yon vi kote w ap pouswiv rèv ou, ou enpakte moun ki nan antouraj e ou kite mond lan miyò ke jan ou te jwenn li an. Sa se yon vi ekstraòdinè.

Liv jodia se liv Vishen Lakhiani an, ki se “ The code of the extraordinary mind”.

Liv sa plen ide ladan l ki ka chanje viw, inspire w pou reve pi gran. Vishen pataje nan liv sa fason ou ka viv yon vi ekstraòdinè.

Ide ki nan liv sa enpakte vim anpil e li chanje fason mwen panse. Li pemèt mwen reve pi gran e vin pi ere nan vim.

Vishen Lakhiani, se PDG Mindvalley, yon konpayi devlopman pèsonèl, ki transfòme lavi de milye de moun, e ede moun reyalize rèv yo, viv pi ere e viv yon vi ekstraòdinè.

Aprè 200 intèvyou e rankont Vishen fè avèk milyadè, mwan, moun kap viv yon vi ekstraòdinè tankou Elon Musk, Richard Branson, Peter Diamandis………

Vishen kreye yon sistèm, kel pataje nan liv la, kap pemèt ou menm tou viv yon vi ekstraòdinè.

Nan liv la, Vishen montre nou enpòtans kwayans nou ak abitid nou. Li kwè se de bagay sa yo, k ap detèmine ki kote nap ye nan fiti.

Kite m pataje avew 4 prensip kite plis inspire m nan liv la, ki ka edew viv yon vi ekstraòdinè.

1.Viv ere nan prezan

“ Your happiness cannot be tied to your goals. You must be happy even before you attain them.”
Vishen Lakhiani
“ Bonè ou pa dwe depann de akonplisman objektif ou yo. Ou dwe ere menm avan ou akonpli yo.”

Li difisil pou nou ere nan prezan paske nou di tèt nou nap ere lè nou gen djob sa, lè nou gen pozisyon nou bezwen an, lè nou marye, lè nou gen kay nou reve a, lè nou gen machinn nan……….

Nou fè bonè nou vin depann de akonplisman objektif nou yo. E lè nou fin reyalize objektif nou yo, nou ere pou yon ti moman paske aprè sa nap vin gen lòt dezi, lòt objektif. Sa kap fe nou repote bonè nou ankò , pou lè nou akonpli lòt objektif sa yo nou vin genyen an.

Sa ap vin koze nou kouri dèyè yon bonè ki pap dire.

Se yon lago ki pap janm fini.

Dapre Vishen, nou dwe aprann pou nou ere nan prezan.

E an plis, syantifik yo pwouve ke lè nou ere , nou pi pwodiktif, nou gen plis enèji, sa ki fè nou avanse pi rapid nan akonplisman objektif nou yo.

Youn nan egzèsis vishen di kap pemèt nou ere nan prezan se: Gratitid.

Pratike Gratitid

Dapre Vishen, pa gen lot egzèsis ki ogmante bonè nou plis ke gratitid. Menm syantifik yo pwouve sa.

Lè ou deside ouvri zye w sou tout bon bagay ou gen nan viw deja, e ou aprann apresye yo, sa rann ou ere.

Vishen konseye nou fè yon lis de tout sa nou gen gratitid, nou gen nan vin.

“ I believe every day should begin and end with gratitude. I practice it every day.”
Vishen Lakhiani
“ Mwen kwè ke chak jou dwe komanse e fini avek gratitid. Mwen pratikel chak jou.”

Pratike gratitid chak jou, fè yon lis de bagay ou kontan e rekonesan ou gen nan viw.

Plis ou gen gratitid nan viw, plis wap gen bagay pou ou gen gratitid nan viw.

2. Gen yon vizyon pou fiti ou

“ Dreams, visions, aspirations, goals — call them what you will — these are essential to an extraordinary life.”
Vishen Lakhiani
“ Rev, vizyon, aspirasyon, objektif — rele yo jan ou vle — bagay sa yo esansyèl nan yon vi ekstraòdinè.”

Gen yon vizyon, gen yon rèv sa pousew pou ou avanse nan viw.

Lè ou ap gade Citadelle Laferriere ( en francais), ou wè se te moun ki te gen yon vizyon, yon rèv ki te kreyel.

Menm jan an tou, ou dwe gen yon vizyon pou viw , pou ou kreye yon vi ekstraòdinè.

Vishen pataje ave nou 3 kesyon pou nou ka kreye yon vizyon pou vi nou.

Kesyon # 1: Si tan ak lajan pat yon obstak pou ou, e ou pat bezwen pemisyon okenn moun, ki tip eksperyans ou ta renmen viv ?

Kesyon # 2: Pou ou ka viv eksperyans sa yo ou ta renmen viv la, koman ou dwe grandi? Ki tip de fanm oubyen gason ou dwe vin ye ?

Kesyon # 3: Si ou viv eksperyans ou ta renmen viv yo e ou vin moun ou ta renmen vin ye a, aprè koman ou ka kontribye nan mond lan, pou l vin miyò ?

3. Vin entouchab

Daprè Vishen, moun kap viv yon vi ekstraòdinè yo, pa kite sa moun di, sa moun fè inflyanse yo fasil, ni yo pa kite bagay negatif touche yo, ni fè yo abandone rèv yo.

Menm si moun kritike yo, menm si yo jwenn obstak, yo kontinye pouswiv rèv yo.

Yo pa chèche validasyon deyo.

Yo pa fè bagay nan premye objektif pou moun ka renmen yo, men yo fè sa ki aliye ak valè yo, yo gen entegrite.

Vishen di nou youn nan teknik nou ka itilize pou nou vin entouchab se pou nou reyalize ke nou ase.

Vishen di ke daprè Marisa Peer, yon ekspè nan estime de soi( francais) , youn nan pi gwo maladi ke limanite ap konfronte, se kwayans yo genyen ke yo pa ase.

Yo kwe yo pa bel ase, yo pa intelijan ase, yo pa sexy ase, yo pa gwo ase, yo pa gen talan ase, yo pa gen vale ase, yo pa bon ase………………..

Sa vin fè ke nou toujou vle pwouve ke nou ase, sa vin fe nou fokis sou sa lot moun panse de nou.

Sa vin fè ke bagay negatif touche nou pi fasil, sa konn fe pafwa nou pa ere.

Sa pa vle di ou pap amelyore tèt ou pou ou vin pi bon ke jan ou te ye a. Men Sèlman ou pap eseye pwouve moun ke ou ase, ou pa gen anyen pou ou pwouve.

Lè ou ap fè yon bagay ou echwe, se pa paske ou pa ase ki fe ou echwe, men se petet teknik ou te itilize a ki pa mache, ou ka chanjel. Men ou ase.

4. Dekouvri misyon w

“ The most extraordinary people in the world do not have career. What they have is a calling.”
Vishen Lakhiani
“ Moun nan mond lan ki pi ekstraodine yo, pa gen karye. Men sa yo genyen se yon misyon.”

Dapre Vishen, ou pa detèmine misyon w, men ou dekouvri misyon w.

Vishen defini misyon Konsa :

“ yon misyon se yon kontribisyon a limanite. Li se yon bagay ki ede nou kite planèt la miyo pou timoun nou yo. Li pa bezwen se kreye yon gwo nouvo biznis……. Li ka yon liv ou ekri. Li ka pase viw ap bay timoun bon edikasyon. Li kapab tou , travay nan yon konpayi ki gen yon misyon pou chanje mond lan, nan yon fason ki resone avèw.”

Ann dekouvri misyon nou, pou nou ka viv yon vi ekstraòdinè.

Kesyon: Kiyès nan prensip sa yo ou plis renmen e ou panse ki ka enpakte viw plis?

Ou ka reponn nan yon komantè.

--

--

Gaetan Casseus
Liv Enspiran

Gaetan is a blogger who writes and learns about personal development and business ideas. A young guy, hungry for knowledge.